Tous les news

SIKATRIS PAM yon pwodiksyon FAMILY CAONABO


"SIKATRIS PAM" yon pwodiksyon FAMILY CAONABO"Family Caonabo" se konsa yon group jèn batize tet yo nan zafe sinema an Ayiti ki gen kom reprezantan Jeffson Sylvestre, yo chwazi pote touch profesyonèl yo nan domèn sila.Daprè reprezantan fanmi an, sinema an Ayiti dwe yon sous motivasyon ki pou fe we peyi a yon lot fason, vann imaj li yon lot jan
.
Dimanch 31 oktòb a 3zè nan apre midi, se randevou Family Caonabo bay nan KINGDOM HOTEL sou wout taba a pou pwojte yon fim ki nonmen <SIKATRIS PAM> nan pwojè sa nap jwenn aktè sa yo CHRISTIE, LION, CAONABO elatriye.

<Nap jwenn fim sa sou RAGU TV ki se yon platfòm nasyonal e entenasyonal, supotè yo ap ka achtel pa mwayen CASH app, ZEL, MASTER Card ak MONCASH> se sa Jeffson Sylvestre Rapote nou nan mikro MBCPROMO509

Staff la profite remesye davans prezans publik la pou pwojeksyon 31 oktòb la, e ap enfome nou tou ke Family Caonabo gen plizyè fòmasyon lap fe pa tro lontan pou jen ki enterese ak sinema ayisyen.



Date : 2021-11-02 00:00:00

Auteur : Marie Jessie F. ST VIL