Tous les news

Imotel

4 Mc’s pou yon Pwodwi ra. Lane 2020 an ki te pote anpil traka, tet fè mal ak tray patap ka ale konsa san pat gen yon souf ki pou te ride nou respire. Jou ki te 31 desanm ki sanse dènye jou nan lane a, 4 gwo tonton MC deside fè fanatik bon jan rap yo kado yon albòm ki pote non Imòtèl. Yon pwojè ke Ja-M enigmatik, Ed Daliriks, Positif the Trophy ak Blay Z Matiq mare sosis yo pou yo koud pou bonè tout moun ki renmen bon Rap. Nan Pak ED one nan mòn laza se la aktivite sila te dewoule nan prezans plizyè fanatik ak lot rapè ki te deside vin pote sipò yo tankou Top Tchooko, Bob Cailloux, B-Art etenèl powèt, VAC ak Lele poun site sa yo selman. Se te ak kè kontan ke MC’s yo tap siyen cd postè ak mayo pou ede konsomatè yo voye ane a ale an bote.



Date : 2021-01-01 00:00:00

Auteur : CarlHeinz J.W.Pierre