Tous les news

THREAD


THREAD...Nan lane 1970, Nan Vil Nouyòk espesyalman Bronx, mouvman Popilè sa (HipHop/Rap) te rive pran nesans nan geto nwa yo ak arive « Black Panther ».Nan lane 1979, « Rapper’s Delight » de sugarhill Gang Te Vin premye mizik Rap Ozetazini ak peyi tankou lafrans kote mouvman HipHop la ta pwal kòmanse touche yon bon pati nan jenès fransèz la sitou..Ane 1980 an te youn Nan pi gwo/Bèl moman HipHop/Rap avèk « Block Party », Kote pwal gen afwontman (sou fòm Challenge) Deejay, Dansè, Grafis ak Rapè/MC. Kidonk, anpil gwoup ak Deejay pwal parèt sou mache entènasyonal la tankou:

Run DMC, Grand Master Flash oubyen Afrika Bambaataa, se menm epòk sa pwal gen youn nan pi gwo « Chapter HipHop » ki pote non ZULU NATION mouvman sa pwal kontinye pou bout jouk nan peyi lafrans. Poutan, Anndan menm estil mizikal kite alamòd la te trè Funky ak elektwonik. Poutan, te deja gen gwo travay k ap fèt kote Deejay yo t ap fè « Scratching » Ak « Sample » mizik James Brown yo kite kòmanse selèb Nan epòk la.Nan menm ane 1980 yo Georges Lys Herard AKA Master Dji te bay tèt li menm misyon ak yon pakèt lòt gwo animatè/Rapè epi se msye kite pwal vin youn nan gwo fondatè HipHop an Ayiti ( Menm si gen anpil moun ki gen dezakò ak lide sa). Rap Challenge lan pa yon konsèp ki nouvo jan anpil moun ap fè kwè l Sitou sou dènye pwojè « I Am muzik » sòti ki pote non « I Am Rap Challenge, You Can Rap Like Me »  Kite dwe genyen 11 rapè men pou rezon Nou pa konnen gen youn nan rapè yo kite deziste anvan pwojè a sòti, youn nan sa ki atire atansyon m sou pwojè a se paske Rapè-yo pa respekte lide a tou « Can You rap like me », « Eske w ka Rap tankou m » (Menm si m pa kwè nan tradiksyon an????).Men s ak vrè sèke pwojè a sòti ak 10 rapè sa yo: Blayzmatik, Burning Phat-Ass, B-Art, M-Bri Dwòg la,Kimberlee,Samie-G, F-Quake,TF, Wood Terib ak EdDaliriks.Se yon pwojè ki fèt sou yon Beat (DedyStyl)  chak Rapè-èz ki patisipe sou pwojè-a te dwe Challenge on Rapè sou menm pwojè a men lè n konsidere epi apwouve dènye tèks ABCD du son ki gen pou tit « L’Obssession du Rap » otè-a di: « le rap ne cesse d'évoluer et de se propager ». 
Donk, Nou tou konprann Poukisa mesyedam yo tire toya sou kèk rapè tankou KenFs ak D-FI elt...men tou, fòk nou pa bliye te gen beef nan mitan de klan yo depi anviwon 2 lane, sa ki pa fini menm si on nèg tankou D-FI Nan mizik li di li kite RapAyisyen an, yon dosye n ap suiv...Thread la pat mande pou m fè rale mennen vini sa sou Istwa HipHop/Rap men Kòm nou konnen on ti kras nan Istwa, Nou rezime l epi pataje l ak ou.
1- Blay’Z se youn nan jèn rapè/Hipoper Jenerasyon sa konnen, Nan nivo tèks ak jan l travay Flow, Rhymes ak teknik li, anpil aderan yo renmen kalite sa kay rapè a, se s ak bay Blayzmatik tout kalte kouraj pou l kenbe epi pa moli.Depi lè m koumanse koute Rapè-a, Msye gon w atitid entans sou Beat, li patisipe nan tout gwo Womble HipHop/Rap k ap fèt anndan peyi-a. Sou pwojè « I Am Rap » la, Msye vini, li pran Beat lan li plwaye l mete nan pòch li, Msye di nan premye vès li a.« M se premye k antre nan ring lan, but m ap sòti an dènye ».
2-Burning Phat-Ass, S on rapèz m ap tande depi fen lane 2010, m renmen Vayb li sou Beat nan jenerasyon fanm k ap fè Rap an Ayiti Burning rive depase yo tout kòm yon « Real Hippoper » K ap milite nan HipHopAyisyen an, Rapèz la rete li menm sou pwojè « I Am Rap Challenge » lan, ou santi l te pare deja pou Beat la, li nik vini l fè mwayèn li epi ale.« Ou pap ka devye m ni sale mNon Non se pa Wendyyy ».
3-B-Art Etènèl Powèt, Se MC ki renmen sa l ap fè a depi lè m kòmanse koute msye, Msye Se rapè ki gon w atitid anraje sou Beat. Sou pwojè « I Am Rap » la, msye mete an defi, anpil nan Rapè k patisipe nan Challenge lan panse yo te ka fè.
4-EdDaliriks, Pou mwen, Msye se youn nan bon/bèl Plim RapAyisyen an posede. Msye s on Vayb anraje pou kont li. Sa anpil moun pa dakò paske msye vini li « Beef » 2 ansyen alye l nan PR (D-FI ak KenFs) men tou anpil moun bliye si sa s on Challenge Rapè-a gen posiblite pou l tape moun li vle paske « I Am muzik » mete Beat Challenge lan sou paj YouTube yo gratis pou w bay Repons ak sa ki pa fè w byen. Mwen espesyalman k ap suiv RapAyisyen an, m ta renmen jwenn de bèl takotak sou menm bit la. Si n konsidere BlayZ kòm youn nan gwo HipHoper jenerasyon sa, EdDaliriks se youn ladan yo tou. msye kapab Challenge tout moun paske se youn nan bon kalite l yo nan HipHopAyisyen.
5-M-Bri Dwòg la, M te toujou tande msye men m pat janm konn rapè-a, M vin rekòmanse koute rapè a sou pwojè Enigmatiq yo ak patisipasyon l sou pwojè Mafia Repiblik yo men sa pat rete la paske MC a te kontinye travay.Kidonk, nan sa ki Gen pou wè ak Challenge lan M-Bri Dwòg la boule Beat la, Msye pa vin vann po l, Nan nivo Flow, Skillz rapè-a kenbe menm Vayb depi nan koumansman l. Msye s on HipHoper k ap fè Game menm jan ak tout gran HipHoper nou konnen nan peyi-a. 
6-F-Quake se youn nan bèl rapè nouvèl Jenerasyon sa bay epi ki trè pwomèt, Msye vini l manje TF sou Beat la paske Nan s ak gen pou wè ak Challenge se chwazi on moun oubyen tout ekip la epi bay frap pa w la. Tankou msye di: Lè w ap ekri nonm se Majiskil se pa TF.Nouvèl Jenerasyon sa nou wè la pa piti, Anpil bèl asonans sou Zik rapè-a. 
7-Samie-G, Rapèz la merite on bon GhostWritter li gen bon atitid sou Beat, li manke Plim epi l pa metrize sijè yo. M pa retwouve m ase nan mizik li a sou Challenge lan paske l plis nan di sotiz ki pa mande sa nan kad Challenge la.M konseye l kontinye kenbe epi chache plis asistans pou l vanse.
8-Wood-Terib, 23-15-15-4 Si w ta gen pou w fè referans ak youn nan jèn talan HipHop/Rap an Ayiti se Wood-Terib li ye, Msye pa nan mizik la sèlman, msye se Grafis an pèsonn, Msye tout sa HipHop la pote kòm bèlte. Nan tout ansanm Challenge la msye se nimewo 1 an pou Flow, Tèks ak Skillz li sou Beat Dedy Styl la, Wood-Terib mande Beat toujou epi 2 minit 31 segonn li an. 
9-Kimberlie Aka Kemee, M dekouvri rapèz la pa lontan Nan premye Track solo li a sete 10 sou 10 pou mwen, m wè l sou sèn 2 fwa rapèz la pote plezi men kounya nan Challenge la. M remake nivo tèks li yo twò konekte tankou: mizik solo l fè yo ak patisipasyon sou Challenge lan sanble anpil. Li kontinye ap voye toya sou rapèz fanm parèy li yo (So bitch, Bad Gyal elt..) ki pa pwoblèm men on challenge rete on challenge nan w konpetisyon parèy paske chak moun vin montre Kisa yo peze. M swete l rete kenbe paske l ap f on gwo travay nan HipHopAyisyen an.
10-TF Blakata, Anpil nan moun ki koute mizik rapè-a sou Challenge lan pa gon w opinyon ki twò pozitif paske yo pa renmen fason l « Speak, Speed » Flow yo. M koute kritik moun yo men m pwale nan w lòt sans. Msye s on jèn rapè ki gen talan ak avni men l prese sou Baz fòk li ateri kòm rapè pou plis moun wè l (sa ki pata dwe sisite l frape...), Sou Chalenge « I am Rap, Can You Rap like me » an, Msye f on bèl travay men anpil moun pa toujou konprann lè on Rapè ap speed flow, se fason l ajanse mo ak pwononsyasyon yo k pa klè, Kòm kritik yo souvan pote Limyè kay kèk atis m espere sa pou rapè-a.
11-Dedy Styl, An Ayiti nan 10 lane k pase yo pat gen Dedy Styl, Msye vini li enpoze on estil « Old School » kote tout nèg Underground yo Sitou renmen travay sou Beat sa yo. Dedy’s A Genius Man, Msye ap bay Rap Ayisyen an on elan merite.Respekte Bigman.?????Boutofen, M reyalize Thread sa se pou m non sèlman montre nou kominote HipHop la pòv nan nivo pwodiksyon men tou nan nivo difizyon. « le rap ne cesse d'évoluer et de se propager ». Kisa n ap kreye kite pou kominote HipHopAyisyen an? M voye on gwo Shout Out pou « I Am Muzik » kite pran plezi reyalize bèl pwojè sila a.Beat Challenge lan: Video youtube



Date : 2020-07-14 00:00:00

Auteur : Djenms Wis