Tous les news

Met Respè Sou Nom Fantom

Rap Onorab : Met respè sou non Fantom10 Jiyè 2020 yon dat ki san dout ta dwe senbolik pou Rap Kreyòl, Fantom papa Rap la desann nan Wayòm ni poul vin delivre yon machandiz.Apre plizyè mwa absans, Onorab la pat kache emosyonl ak anvi li genyen pou rap kreyòl resisite sa ki te bay 6 me kote dlo tap ponpe nan je'l lè'l te pwouve lemond antye kominite Rap la an patikilye ke anpil bagay ka fèt ak volonte.De pasaj nan peyi a, Onorab Fantom te pwofite siyen 8eme album li ki pote non "Rap Onorab" yon albòm nan yon konsèp diferan ki anonse a klè ke Rapè a gen anbisyon pou'l vin depite pou 2zyèm sikonskripsyon pòtoprens. Yon cd ki gen 19 mizik ak divès envite sou li e ki envite'w Mete Respè sou non mesye sa ki rele F-A-N-T-O-M lan.Se te nan ri nikola, nan Wayòm nan ke yon foul moun ki soti tout kote te pase retire albom nan. Ann parye ke albòm sa ap fè sal gen poul fè Honorablement.                  



Date : 2020-07-11 00:00:00

Auteur : Heinz_Ekilibr