Tous les news

Yon TI RES Fen ane,ak yon Nouvèl Ane kap proche nan yon ti Rès Peyi ki fin depafini

Ak ti yon Rès lank ki rete nan yon vye plim ki nan menm ,map akouche sou yon ti Rès papye dlo lanmizè fin mouye ak dechire detwa vye Rès fraz ki kroke pami yon chapit desespwa ki tap boujonnen remò ak dekourajman lakay ti Rès jenn fanm ak jenn gason ki rete kanpe pou fè rezistans pami gro moso ki déjà mete van nan vwal yo pou al bouske yon ti Rès la vi kay vwazin,sa kal chache fin konplete ti Rès levasyon ak konnensans yo te goumen pran lakay sou vye Rès ban kraze,yon ti Rès krè ak yon vye Rès tablo kraze,anba bap yon Vanyan profesè san touche kap travay 8 è tan pa jou ak yon ti Rès kafe nan vant li depi 3 jou,kap tann mouche leta ki promèt li Ti Rès la aprè 36 mwa travay san touche ak yon ti Rès soulye nwa,yon vye kanson kaki ak yon chemiz ki pote non blan men ki jon ak vyolans klorox ...Wi,wi yo oblije kouri,kouri,pete kouri si non ti Rès ki rete a ka pi vit pete fyèl yon san reflechi, tankou yon vye Rès moso tòchon lanfimen ak vye grès chòdye fin depafini,pandan yap patisipe nan desann gro chòdye kap bouyi kè kontan pou yon ti group tou zwit kap kalonnen bave ak ribab na yon Ti Rès ma ke yo pral ofri yon Nasyon ak diyite ki te goumen kont asista ak mandyansite. Mw konnen w tap kontan sim ta kite ti Rès tèks la pou m pa fin ekri ‘l paske m ka profite retire tout ti Rès kras ki rete apre beny bazilik la..Men non fò’m di plis paske mw derefize konplis…pandan wap fè lis ou kon ti malis kap planifye pou pote ale 7 tèt Tonton bouki kondane san jije, men wa sonje senkant Kob ak degouden Gen menm istwa e yo sanble tankou 2 gout dlo nan yon tè sèch kap bouske solèy pou boujounen manje nan asyèt ak lajan nan Pòch,jodi a ki nan tout rout kap degrenngole tankou karavann kabrit gro ras san disreksyon ki pral bwè dlo fre nan gro kouran dlo kap koule 24 sou 24 nan vale latibonit…san manti ti Rès parol sa pi bèl…Kabrit tomazo menm plim menm plimay , youn pa prale kite lot. Sim gen yon TI RÈS parol map di pou m fini….Mwen swete nou wete Rès chenn ki nan pye nou an,paske TI RÈS ane nou rete pou n viv la se swa nou Viv li lib ou byen na’l fin fè TI RÈS tan an anba tè..Mwen menm mw pa gen kouraj pou m di nou Bòn ane,…kite m di nou pito ere konba. Robenty JEAN FRANCOIS Yon ti res, pami sak fin ale yo



Date : 2019-12-30 00:00:00

Auteur : Robenty JEAN FRANCOIS