Tous les news

EVELYNE SAINVIL, MINIS FANM LAN TE VIZITE MOFHADER

Nan sousi pou kwape vyolans kap fet sou FANM AK TIFI, MOFHADER (Mouvement des Femmes Haïtiennes pour le Développement Rural) lanse 16 jou daktivis kote yap sansibilize jen fanm ak jen gason pou yo ede yo denonse vyolans sou tout fom kap fet sitou nan komin kenskòf , se nan objektif sa minis kondisyon fanm nan, EVELYNE SAINVIL ak tout delegasyon li, te fe yon vizit nan sikonstans sa, nan lokal MOFHADER ki chita kòl Fò jak poul te vin pale ak tout fanm vanyan e gason konsekan, pou fe konnen enpotans e vale FANM nan yon sosyete. 10 desanm kap jounen modyal dwa moun, MOFHADER ap oganize yon gro mach pou di non ak vyolans kap kap fet sou FANM AK TIFI e pou di non tou ak vyolans kap fet sou tout fom, mach sila ap komanse bo sen jak pou rive devan bel antre BYENVINI NAN KENSKOF la, ekip MOFHADER la envite tout moun nan komin nan vin patisipe nan kokennchenn mach sa.



Date : 2019-12-03 00:00:00

Auteur : Marie Jessie F. ST-VIL