Tous les news

VYOLANS SOU FANM AK TIFI, MOFHADER DI NON

Vyolans sou Fanm ak Ti fi, Yon sijè ki fè koule anpil lank sitou pa isit lakay nou Ayiti Toma, prensipalman pi pre nou nan komin kenskòf kote yon òganizasyon Fanm ki pote non MOFHADER ki Se Mouvaman Fanm Ayisyèn pou Devlopman Riral ki gen nan tèt li Madam Amilcar Enide nan tèt kole ak yon òganizasyon non gouvènmantal ki pote non CECI (centre d'etude et de Coopération Internationale) lanse2 Semèn aktivite nan komin nan, nan sousi pou rive sansibilize nan nivo yo kapab tout aktè ki konsène nan sa ki gen awe ak kesyon VYOLANS SOU FANM AK TI FI, ki Jodi se yon nouvo malè pandye sou komin Kenscoff selon Carine Clermont yon reprezantan Oganizasyon KAY FANM kite prezan nan lansman aktivite si la a pou koze ak kèk elèv lekol te profite konfye nan mikro radyo Urgence FM ak MBCpromo509 ke To denonsyasyon ak Plent yo Ogmante nan komin kenskòf e Se yon sitiyasyon ki mande yon tretman prese prese Paske kesyon vyolans sou fanm ak ti fi se yon vis ki dwe derasinen San pèdi tan sin kwè Reprezantan KAY FANM nan. Kowòdonatè MOFHADER la Madam Amilcar pou bò kote pal te profite pou ankouraje tout fanm ak ti fi ki viktim Vyolans pou pa neglije pote plent nan mwens ke 48 è yon Mannyè pou yo ka evite trape move maladi e pou yo ka jwenn tou asistans medikal ak akonpayman sikolojik ke ka yo nesesite. Aktivite sa yo dwe dire 16 jou soti 25 Novanm pou rive 10 desann 2019, pandan jou sila yo ap gen konferans Deba, sansibilisasyon ak aprantisaj otodefans. Sou baz yon sel mesaj: MEDAM PA FÈ SILANS DEPI W VIKTIM SE POTE PLENT



Date : 2019-12-03 00:00:00

Auteur : Robenty JEAN FRANCOIS