Tous les news

Zafèm, fèl san dlo nan bouch

Depi kèk mwa, piblik Ayisyen an te okouran de nesans yon nouvo gwoup konpa, men ki potko janm vrèman parèt sinon ke li tap kreye anpil deba. Li Rele « Zafèm » e se yon tèt ansanm de 2 jeni nan mond mizikal la, ke mpa kwè mbezwen fè twop literati,Reginal « Pè Las » Cangé ak Dener Ceide. « Sispann Jwe ak Peyi a, sa nou wè yo bay dlo nan je » . Nan yon dat istorik,ki se 17 oktòb, Zafèm fè yon rantre triyonfal nan mond mizikal ayisyen an. Yon mizik ki dekri aklè reyalite sosyo ekonomik ak politik peyi a. Yon pwoblematik sou sitiyasyon nou epi atis yo pwopoze solisyon tou sa ki bay zèv atistik sila tout sans li. Yo tèks ki pa gen anyen pou’w repwoche ki marye ak yon melodi ki antrenan. Nan sa ki gen a wè ak video a, konsèp la remakab soti nan senaryo pou jouke nan reyalizasyon ( nap salye Smitty sou pwen sa). Se youn nan Ra poum pa di sèl video ki ale ak kontèks mizik lan kote atis yo kite zòn konfò yo pou yo ale jwenn mas la , yo reflete reyalite lavi majorite ayisyen. Nou gon Misyon: se dènye fraz nou te ka tande nan mizik sila, kidonk nou ta espere ke atis yo pa dewoute ni fayi a misyon yo paske sosyete a bezwen jan de atis kap pran pozisyon ak yo e pou yo. Bon travay Zafèm.



Date : 2019-10-18 00:00:00

Auteur : Heinz_Ekilibr heinz_ekilibr@icloud.com