Tous les news

Jere bèl ou ak Cprudz Graphic Media

Kominikasyon Vizyèl se yon zouti ki enpòtan nan lavi tout moun. Kit ou se biznisman,atis, selebrite,politisyen elatriye.... ou toujou bezwen pou imaj ou parèt bèl, swa,klè, Pwòp. Nou pral dakò ke pou yon moun gen yon bon Kominikasyon vizyèl, gen de eleman kle ke li pa ka pase sou yo: Yon bon fotograf ak yon bon Grafis. E nan Kategori sila yo, gen yon jèn gason ki bay tout li menm, tout savwa’l ak nanm li poul ede jenerasyon sa jere bèl li. Li pa yon moun ki renmen parèt ni ki renmen non’l site, men travay li pale pou li. Mouche sa pa lòt ke Wilner Sanon ke nou konnen sou non CPrudz Graphic Media. Jounen 17 oktòb la , se yon nouvo rekòt pou frè a, kòlèg la, zanmi an,fanmi an. Moun tout moun nan. Youn nan moun ki pi cool kem rankontre nan lavi pwofesyonèl mwen. Kisa nou ka repwoche’l a pa se pa yon nèg ki fasil a lè? Mpa kwè gen lòt bagay men kòm kado mte vle ekri ti liy sa yo pou’m fè tout moun konnen ke mouche sa se yon bèl nanm, se yon moun ki konn moun avan lajan, ki wè satisfaksyon moun avan pa’l. Se yon bèl nanm, se yon moun ki respekte moun e ki respekte tèt li,toujou prè pou’l bagay konsèy ni pou’l pran tou. Se pa yon nèg lajan sot nan pòch li fasil men ou met kwem siw mandel 1000goud wap jwenn 50 goud kanmem. Antouka, mpa kwè liy sa yo ap sifi pou’m ta tanmen pale nou de mouche sa... Mta renmen tout moun kap li atik sa apre monte sou rezo yo ede’m di gwo potorik Gason sa « Bon Rekòt Kafe ». Epi pa bliye nenpot travay nou bezwen nan domèn grafik ak fotografik kontakte li sou Cprudz@gmail.com oubyen nan 3644-9251 ou pap regrèt. Nan non pam ak tout rezo ke map dirije oubyen mwen fè pati nap swete Cprudz siksè nan nouvo rekòt li a.



Date : 2019-10-17 00:00:00

Auteur : Heinz_Ekilibr heinz_ekilibr@icloud.com