Tous les news

2Mack demontre ke’l regret ak yon nouvo konplisite ritmik

Li pwouve kapasite li nan pwodiksyon mizikal a trave estidyo li a ki frekante anpil san konte yon paket gwo atis nan mond mizikal la ke li pwodwi menmsi se byen domaj yo pa gen ase kran pou yo di sa. Lot aspe lakay li se polivalans li, li montre a kle ke li ke chante nenpot tip mizik sa okenn difikilte, soti nan raboday, pase pran Rap,jouke nan konpa janbe nan dancehall e li vini ak yon nouvo konplisite ritmik ki se yon konpozisyon Afro klasik Riddim. “Mwen regret” se yon nouvo tit ak tout video ke li pral pwopoze piblik ayisyen an samdi 31 dawout la nan aswe,lap disponib sou channel youtube atis la. Se listwa yon jen ki ap eksprime regre li vizavi de konpotman ke lit e genyen anve yon moun ki tap pataje vi’l, jodia li ran li kont ke absans moun sa nan lavi li peze lou, men domaj moun sa gentan angaje ak yon lot. Yon resi ke nou viv anpil nan sosyete nou an, kap ede chak moun evalye relasyon yo e pran mezi ki nesese a avansman yo. Eske listwa sa reyel nan lavi atis la, Nou pa konnen!!!!! Randevou sou channel Youtoube 2Mack Haiti a samdi 31 dawout a 8h p.m ekilibr5@gmail.com



Date : 2019-08-30 00:00:00

Auteur : Heinz_ekilibr